contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yoHaïti
Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo
Haïti
  • 17 Avril 2025
  • | 0

Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo

Rassemblement pour une Entente Nationale (REN) se yon òganizasyon sosyete sivil ayisyèn ki angaje l’ pou yon Ayiti ki pi jis, plis enklizif, epi plis pwospè. REN kwè tout bon vre ke chanjman Ayiti ap depann anpil sou angajman sitwayen li yo, espesyalman jèn yo ak fanm yo, ki se poto mitan demen, sitou paske yo okipe yon gwo pati nan popilasyon an. Se nan vizyon sa a REN mete aksan sou fòmasyon, sansibilizasyon ak mobilizasyon gwoup sa yo pou ede yo pran konsyans sou kapasite yo gen pou mete chanjman sou pye pou devlopman peyi a.

HaïtiHaïti

Yon Nesesite

Jodi a, plis pase tout lòt lè, misyon sa a vin tounen yon nesesite. Ayiti ap fè fas ak yon kriz grav, konplèks epi ki dire lontan. Enstabilite politik, ensekirite k ap ogmante, lavi k ap vin pi difisil chak jou, efondreman enstitisyon yo — se kèk nan gwo sous kè sote jodi a. Tout sa frape popilasyon an nan plizyè nivo, epi jèn yo soufri plis. Nan kapital la pou egzanp (men sa pa vle di se sèlman la sa ap pase), jèn yo pa jwenn kote pou yo pran ti souf, pase bon tan, pale ak lòt, oswa jis souri. Gen anpil ladan yo k ap viv nan fristrasyon chak jou, bloke nan yon reyalite ki di, plen enkyetid ak dekourajman. Men, Ayiti pa bezwen yon jenerasyon jèn ki fristre ak izole. Pou peyi a soti nan kriz la, li bezwen jèn ki byen nan tèt yo, ki gen konfyans epi ki ini. Jèn ki ka reve, mete tèt ansanm, epi bati. Se nan sans sa a Fan Club REN lan vini.

HaïtiHaïti

Yon Espas Pou Respire, Rete Konekte, Rèv Ankò

Fan Club REN lan se yon inisyativ senp, men ki gen anpil pouvwa. Se yon espas kote jèn yo ka vin jwenn lapè, detant, jwe (jwet tradisyonèl, jwèt lespri, videyo...), pataje ansanm epi manje. Se yon ti poz ki akeyan nan lavi difisil yo, kote yo ka santi yo vivan, jèn, epi akonpaye.

Men sa pa limite sèlman ak plezi. Fan Club REN lan se tou yon kote pou aprantisaj enfòmèl, pou rankontre lòt jèn, pou pale sou sijè ki konsène yo. Sa fè lyen sosyal yo vin pi solid, epi li devlope lespri solidarite, respè, ak angajman. Jèn yo soti pi motive, pi prepare, epi pafwa, chanje nèt pa ti moman kontantman sa yo. REN montre pa inisyativ sa a, ou pa bezwen gwo mwayen pou fè yon diferans. Gen fwa, sa sèlman bezwen yon espas, yon ti kout zòrèy, manje, ak fratènite pou fè lespwa tounen. Epi ak lespwa, tout bagay posib.

Pataje
Konsènan otè a
Moise Francois

Editè jounalis, powèt ak apranti avoka.

Gade lòt atik Moise Francois
Kite yon kòmantè

Dènye piblikasyon yo

Newsletter

Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

Jacmel:vil ayisyèn ki gen istwa ki lye ak liberasyon Amerik Latin

Jacmel se yon vil ki sitiye sou kòt sid Ayiti, plis presizeman nan depatman sidès la. Jiska jounen jodi a, vil la se yon kote ki renome pou achitekti kolonyal li ki byen prezève ak pou richès patrimwàn istorik li, ansanm ak karnaval li, youn nan pi popilè nan Karayib la. Jacmel se youn nan pi ansyen vil Ayiti. Gen kèk istoryen ki di ke li te egziste depi tan Tainyo, premye moun ki te abite zile a, ki te viv la depi avan Kristòf Kolon ak kolon li yo rive an 1492. Anvan li te vin Jacmel, vil sa a nan sidès Ayiti te rele Yakimel. Chanjman non Jacmel te fèt pa fransè yo pandan yo te kolonyalize pati lwès zile Espanyòl la. Pandan ane yo, Jacmel te tounen yon vil kote viv byen melanje ak bèlte lanmè a, nan kè vizitè li yo. Yo viv nati a an plen, epi lanmè a rete yon sous lajwa pandan tout jounen an. Jacmel ofri tout sa a, anplis pase li ki gloriye li kòm yon kote kle nan gwo istwa Ayiti. Avèk cham inik li, Jacmel se youn nan vil ayisyèn ki ka kite yon mak sou moun. Nan ane 50 ak 60 yo, jiska kòmansman ane 80 yo, Jacmel te youn nan destinasyon touristik ki pi popilè nan Karayib la akoz repitasyon li kòm yon vil ki gen bèlte ak gras natirèl ki pa t’ san rezon. Pandan tan sa yo, kòt Jacmel la te akeyi bato de kwazyè chaje ak tourist ki te vini soti nan tout kwen nan mond lan. Epi se tou pandan tan sa yo, ke Jacmel te youn nan vil ki te pi aktif nan komès nan Ayiti, youn nan vil ki te pi pwospè ekonomikman nan peyi a, sitou paske de gwo afluk tourist ki te vizite li regilyèman.

Ayiti: Plonje tèt ou nan Serenite Étang Bossier nan Cayes-Jacmel

Sitiye apeprè inèdtan kondwi nan nòdès vil la trè aktif nan Jacmel, Étang Bossier parèt tankou yon bèl pyèv vèt ki soti nan kè ti mòn yo, kaptivan sans yo epi ofri yon èskapad idilik pou rayisab lanati ak avanti. Tanp natirèl sa a, ancrage nan kominote pitorèsk Bossier, se yon premye destinasyon pou vwayajè k ap chèche dekouvèt natif natal ak peyizaj mayifik. Ak yon sipèfisi jenere ki pwolonje sou 4 a 5 ekta, Étang Bossier kanpe majestueux a yon altitid de 600 mèt nan 2yèm seksyon nan komin Cayes-Jacmel, nan Gaillard, antoure pa bèl seksyon Ravin Normande, Cap Rouge ak Michinot. . Divèsite jeyografik sa a bay kote a yon richès ekolojik ak jaden flè enprenabl, envite vizitè yo plonje tèt yo nan kè a nan lanati Fertile. Pi lwen pase cham natirèl li yo, Étang Bossier se bèso lavi kominote ki rich nan tradisyon agrikòl ak pastoral. Jaden vèt yo resonan ak aktivite agrikòl lokal yo, ak divès kalite rekòt tankou pistache, pwa kongo, pitimi, ak mayi ki bay temwayaj sou konesans zansèt moun ki rete nan rejyon an. Chak Jedi, mache lokal la vin vivan ak koulè ak gou, ofri yon seri tante nan pwodui fre, bèt djanm ak nan kou, "pèpè" pwason, yon plezi pou amater lapèch. Sepandan, dèyè fasad bucolic sa a gen tou defi ak bezwen. Malgre abondans resous natirèl yo, anpil rezidan ap viv nan kondisyon prekè, sa ki mete aksan sou enpòtans sipò ak devlopman dirab pou kominote Bossier ak zòn ki antoure yo. Pou vwayajè kap chèche eksperyans natif natal ak anrichisan, Étang Bossier se yon envitasyon pou chape. Lè yo eksplore chemen siwouyan li yo, lè yo chante zwazo yo kalme yo epi yo dekouvri lavi chak jou moun k ap akeyi yo, vizitè yo pral gen opòtinite inik pou yo fouye nan kè kilti ayisyen an epi kreye souvni inoubliyab. Pandan pwochen escaped ou nan Cayes-Jacmel, kite tèt ou sedwi pa maji a nan Étang Bossier. Kit pou yon jou nan avanti, yon imèsyon kiltirèl oswa tou senpleman yon moman nan detant nan mitan an nan lanati intact, oasis kache sa a pwomèt ou yon eksperyans ekstraòdinè, anprint ak otantisite ak bote natirèl. Vin eksplore Étang Bossier epi kite tèt ou anchante pa senplisite ak bèl lavi riral ayisyen an.

Dènye piblikasyon yo

Istwa

Istwa

Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

Bote natirèl

Bote natirèl

Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

Eritaj

Eritaj

Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

Kilti

Kilti

Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.